Lè atelye a kòmanse patisipan yo ret an silans, yo parèt on ti kras malalèz. Paske malgre anpil pwojè abitye fèt nan kominote a, men se premye fwa yo envite kiltivatè, ti machann, pechè, otorite lokal ak reprezantan sektè prive chita ansanm pou planifye demaraj pwojè a. Animatè atelye mete yon kat jeyografik zòn nan sou tablo a epi li mande patisipan yo ki resous natirèl ki pi enpòtan nan zòn nou an. Gen yon premye patisipan ki site non yon sous dlo ki nan tèt ravin nan, kèk lòt moun konplete sal di a, ti kras pa ti kras nou kòmanse gen yon vizyon global de zòn nan epi nou vin pi byen konprann fòs ekolojik li.

 

Patisipasyon se yon prensip santral (klike la pou’w ka wè tout prensip santral yo) nan Ayiti Vèt epi se yon prensip ki deja tabli nan prèske tout òganizasyon nan peyi Dayiti. Kijan nou defini patisipasyon? Nan lane 2017 Antwopològ kiltirèl, ekspè nan basen vèsan Glenn Smucker ekri yon gid ki eksplike tout etap pou fè planifikasyon epi jesyon basen vèsan yo (ou ka li rapò a sou lyen sa:

https://www.profor.info/sites/profor.info/files/ResilientHaitiFinalReportandMethodologyforParticipatoryWathershedPlanning.pdf). Gras ak sipò Bank Mondyal ak J/P Haitian Relief Organization Smucker mete sou papye konpilasyon eksperyans 60 tan ki prezante bon meòtd ak egzanp nan peyi Dayiti. Mete sou sa, Glenn Smucker gen 10 zan eksperyans pèsonèl nan domèn nan.

 

Nou mete patisipasyon an nan tout etap pwojè a- Depi nan premye lide pwojè a, pase nan planifikasyon rive nan reyalizasyon ak evalyasyon. Nan premye etap la, nou fè yon evalyasyon rapid. Pou fè sa, nou itilize konesans lokal nou kolekte nan entèvyou avèk aktè kle nan kominote a nou rankontre lè nap fè vizit nan basen vèsan yo. Nou mikse yo ak analiz ekspè nan domèn anviwònman reyalize sou ekoloji, jeyoloji, idroloji, ak biyodivèsite nan zòn nan. Nou pataje rezilta evalyasyon sa yo nan premye atelye patisipatif la.

 

Pandan atelye a, patnè lokal ak lidè kominotè yo valide evalysayon an epi yo ede nou idantifye resous ak menas nan kominote epi nou diskite ansanm sou ki sa ki ka fèt pou pwoteje resous natirèl nan zòn nan. Alafen atelye a ekspè yo chèche konplete enfòmasyon yo pou prepare pwochen atelye patisipatif la. Nan dezyèm atelye sa, patnè lokal yo fè lis entèvansyon ak aktivite ki priyorite pou basen vesan zòn nan. Rezilta final dezyèm atelye patisipatif sa se pwodiksyon yon plan jesyon pou basen vèsan rejyon an.

 

Nan kòmansman lane 2018 nou reyalize nan depatman Nip yon seri atelye planifikasyon sou baz metòd Glenn Smucker yo. Sa te fèt nan kad preparasyon lansman pwojè Pwodiksyon nan yon Anviwònman pi Djanm (PAD). PAD se yon pwojè 26 milyon dola Ministè Anviwònman ak Ministè Agrikilti  ap reyalize nan Nip avèk sipò teknik ak finansye Bank Mondyal ansanm ak J/P HRO. Plis pase 30 atelye patisipatif rive reyalize nan zòn ki gen 4 pi gwo basen vèsan yo nan depatman Nip: Ti-Rivyè-de-Nip Payan-Bondo, Bakonwa (Ansavo) ak nan Javèl/Sodibaril.

 

Anplis 2 atelye Smucker rekomande yo, nou te òganize yon 3e nan chak kominote pou pataje epi valide plan jesyon basen vèsan yo ki reyalize sou baz patisipasyon kominote yo. Pwodiksyon nan yon Anviwònman pi Djanm (PAD) se premye gran pwojè an Ayiti ki itilize metodoloji patisipatif epi ki entegre dizon kominote a. Pou ranfose siksè metodoloji sa nou dwe sonje patisipasyon dwe poto mitan tout aktivite ki pral reyalize nan 5 lane ki pral vini yo.

 

—-

1- Depi 40 tan Ayisyen kap viv andeyò toujou ap fè fas ak menm defi yo : pwodiksyon agrikòl kap diminye epi sezon kap chanje britsoukou ki rann lavi pi difisil pou kilitvatè yo chak ane.

 

AYITI VET

Ayiti Vèt se yon apwòch tounèf de kriz anviwònman an nan peyi Dayiti. Ayiti Vèt koupe fache ak seri ti pwojè pasi pala, chak moun ap fè nan kwen pa yo. Se poutèt sa nou konsantre efò nou nan regwoupe tout aktè nan domèn anviwonman an pou nou ankouraje apwòch ki baze sou bòn pratik ak bon egzanp nou tire nan eksperyans ki fèt nan peyi Dayiti ak lòt kote nan mond lan. Olye nou kreye yon nouvo òganizasyon Ayiti Vèt se yon inisyativ ki la pou ranfòse kapasite ak tèt kole pami diferan aktè ki patisipe nan jesyon resous natirèl peyi Dayiti pou ede’l adapte li parapò ak chanjman klimatik yo. Inisyativ sa deja met ansanm enstitisyon ki enterese bay kòb ak òganizasyon ki travay sou tèren sou baz prensip sa yo:

 

Anviwònman makonnen ak ekonomi. Se poutèt sa tout entèvansyon kap fèt pou remanbre anviwònman an dwe kontribye an menm tan pou amelyore kondisyon lavi Ayisyen kap viv nan zòn riral yo tankou agrikiltè ak pechè.

 

Moun ki plis viktim katastwòf anviwònman dwe jwe yon wòl santral nan pwosesis planifikasyon an epi gouvènman Ayisyen an, keseswa nan nivo lokal ou nasyonal dwe nan tèt aktivite yo. Epi li dwe ranfòse kapasite enstitisyon kap travay nan domèn anviwònman.

 

Entèvanson yo dwe ankouraje yon apwòch global ki soti depi nan tèt mòn yo rive nan resif nan lanmè. Yon fason pou byen jere basen vèsan yo pandan nap rèspekte espesyalite agrikòl ak ekolojik nan chak zòn.

 

Pou nou fè faskare a chanjman klimatik li enpòtan pou nou adopte yon apwòch ki met ansanm plizyè sektè tankou, anviwònman, ekonomi ak enèji. Yon lòt bò li enpòtan pou gen pataj konesans sou baz leson nou tire de pwojè ki fèt deja ak rezilta rechèch syantifik. Anba kontwòl Ministè Agrikilti, resous natirèl ak devlòpman riral, Ayiti Vèt ap mete sou  pye pwojè Pwodiksyon nan yon Anviwònman pi Djanm, nan depatman Nip. Nou aplike sou teren an pi bon egzanp sou sa ki fèt deja nan domèn nan.

 

Gras ak finansman epi sipò teknik Bank Mondyal ak J/P HRO, Pwodiksyon nan yon Anviwònman pi Djanm se premye gran pwogram ki pote etikèt Ayiti Vèt. Se yon egzanp travay nan tèt kole avek lidèchip Ayisyen pou fè faskare ak defi chanjman klimatik yo.

 

Ayiti Vèt mete sou pye nan tèt kole avek Komite Entèministeryèl pou amenajman teritwa yon kowòdinasyon teknik stratejik nan lide pou devlope yon platfòm jesyon konesans. Ayiti Vèt finanse e fè pwomosyon tou pou antrepriz sosyal ki nan domèn ekoloji ak agrikilti.

 

Ou vle gen enfòmasyon sou kijan ou ka fè pati Kowalisyon Ayiti Vèt ekri nou: info@haititakesroot.org

 

“Konbat lamizè” se ekspresyon Ayisyen itilize pou pale de lamizè ak povrete. Epi se pi gwo defi sou wout pwoteksyon anviwònman nan peyi Dayiti. Ayiti Vèt anplwaye estrateji ki kore pwodiksyon lokal nan domèn agrikòl oswa forè. Ayiti Vèt ranfòse tout chèn prodiksyon an jis rive nan mache. Kòmanse sou semans ak konpòs pou jaden, pase pran fòmasyon pou kiltivatè yo jis rive nan transfòmasyon ak transpòtasyon pwodwi yo nan mache pou bon pri.

 

Sezon sèk pi long, sezon lapli sanzatann ak ogmantasyon gwo tanpèt fann fwa ki lakoz glisman teren ak inondasyon, se kèk pami konsekans chanjman klimatik ki deja rive sou nou.

 

Ayiti Vèt konsantre fòs li sou estrateji ki pèmet dlo rete yon resous, poul pa tounen yon menas. Nou prevwa travay konstriksyon jeni riral pou kreye sistèm solid pou konsève dlo epi pwoteje sous dlo yo.

 

Pwodiksyon: Se kapasite pou fe latè pwodwi ase pou kiltivatè yo viv byen epi pwospere.

 

Anviwònman: Paske entèvansyon nou yo chita sou yon vizyon global ki pati depi nan tèt mòn yo rive nan resif koray nan lanmè.

 

Djanm: Se kapasite pou reziste ak chòk chanjman klimatik yo. Jan sa di di nan lang pa nou “pliye pa kase”.