Pou make selebrasyon jounen monyal la tè a, Ayiti Vèt te lanse kat klèb sou anviwonman nan kat lekòl nan depatman Nip nan kad yon seri aktivite sansiblizasyon ak mobilizasyon pwojè pilòt li a sou adaptasyon ki chita sou ekosistèm yo ki jwenn finansman Caribbean Biodiversity Fund pou ede pwoteje mangwòv Bondo yo. Objektif klèb sou anviwonman yo se pou rive transfòme jèn nan kominote a kòm gadyen kap veye sou anviwonman nan pote kole pou pwoteje l epi jere resous natirèl yo nan kimonote yo pandan y ap devlope yon mantalite responsab fas ak ekosistèm nan.

 

156 etidyan ak 4 anseyan te asiste ak yon seri prezantasyon epi yo te patisipe ak anpil enèji nan yon seri diskisyon sou enpòtans pye bwa yo, pwoteskyon divès espès kap viv yo, istwa jounen mondyal la tè a ak poukisa nou dwe pwoteje planèt tè a. yo te gen posiblite tou pou itilize konpòs ki fèt nan kominote a pou plante plizyè pye fwi nan alantou lekòl yo.

 

HTR angaje yon espesyalis nan ledikasyon sou anviwonman pou ede yo devlope yon kit klèb sou anviwman kap gen ladan li yon dokiman byen detaye, yon seri gid, afich kap pèmèt ou aprann ak lòt materyèl kap edew aprann fasil sijè sou anviwonman sitou sou chanjman klima, divès espès kap viv yo, mangwòv yo, agwoforesti, jesyon dechè, resiklaj, konpostaj ak rebwazman. Nan mwa kap vini yo, anseyan ak elev ki fè pati klèb sou anviwonman an gen pou resevwa lòt fòmasyon nan sousi pou ba yo plis konesans sou anviwonman nan lide pou yo ka mennen tout aktivite klèb sou anvinman an ap fè.

 

Chak ane, yon fwa ki gen rapò ak konesans sou chanjman klima ak yon seremoni pou remèt pri gen pou òganize pou pèmèt etidyan yo prezante pwojè rechèch ki endepandan sou chanjman klima ak ekspoze sou pwoblèm ki gen rapò ak chanjman klima nan kominote kote yap viv la.

 

Antre ti moun yo ak jèn yo nan deba sou chanjman klima ak anviwonman enpòtan pou 2 rezon prensipal: Premye rezon, ti moun yo an eta pou aprann, sa kap pèmèt yo konekte pi fasil eksperyans yo fè chak jou ak konsèp sou chanjman klima yo. De tanzantan y ap aprann, y ap anseye tou nan pataje enfòmasyon ak lòt lide yo resevwa ak paran yo epi ak lòt manm nan fanmi yo. Dezyèm rezon an se ke jèn jounen jodi yo gen pou viv ak tout konsekans chanjman klima a pote yon mannyè ki difisil pou imajine, e se responsablite pa nou pou nou kreye kondisyon ak estrateji ke y ap gen bezwen pou kontinye viv.

 

Plante pye bwa se yon eleman ki enpòtan anpil nan aktivite klèb anviwonman an ap fè e Ayiti Vèt ap travay kole sere ak manm Kowalisyon Ayiti Vèt yo ak lòt patnè ankò pou bay ti moun lekòl yo ti pye bwa pou plante ak anpil estrateji nan basen  vèsan Bondo-Payan ak lòt kote ki degrade tou prè a. Pa egzanp, pye fwi elèv yo te plante ane sa pou selebrasyon jounen mondyal la tè a se Trees That Feed Foundation ki te bay yo, se yon òganizasyon entènasyonal kap soutni aktivite plante pye bwa nan plis pase 18 peyi pou ede kominote yo adapte yo ak chanjman klima a.

 

Si w ta swete mete w ak nou pou fòme pwochen gadyen anwiwonman Ayiti yo ak klèb sou anviwonman nan lekòl epi plante pye bwa nan lide pou bay repons ak chanjman klima a, kontakte nou nan coalition@haititakesroot.org.